:
Breaking News

Kriz nan FDSE: Etidyan yo Leve Vwa kont Dériv nan Dekana a

top-news

  • Pòtoprens, septanm 2025 — Yon klima tansyon ap ravaje Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik (FDSE), youn nan pi ansyen fakilte Inivèsite Leta Ayisyen (ILA). Depi plizyè semèn, etidyan yo ap denonse yon seri dériv ak move pratik yo atribye ak Dekana a, ki gen nan tèt li Dwayen Eugène Pierre Louis.

    Etidyan yo kritike fason administrasyon an ap jere egzamen yo. Dapre yo, rezilta egzamen definitif yo poko parèt, men yo fòse etidyan antre nan egzamen sou rezèv. Pou yo, sa se yon vyolasyon règ entèn fakilte a ki klè: si yon moun pase, li kontinye nòmalman; si li echwe, li fè kòve.

    Ane pase, Dwayen an te pwomèt egzamen espesyal pou etidyan ki te oblije deplase akoz ensekirite. Jiska jodi a, egzamen sa pa janm fèt, sa ki lakoz plizyè etidyan pèdi ane akademik yo. Gen lòt ki te kite kapital la poutèt vyolans oswa dife ki detwi kay yo, men lè yo retounen, Dwayen an deklare yo “abandone” epi egzije yo reprann konkou, menm si konkou a souvan pa fèt a tan.

    Plizyè etidyan denonse tou fason nòt yo ap jere. Yo site ka kote yon klas antye resevwa zewo nan yon matyè san okenn nòt ofisyèl pibliye. Gen lòt ki pran zewo sèlman paske yo pa t prezan jou egzamen, pandan règleman fakilte a prevwa yon sesyon ekstraòdinè. Gen akizasyon tou ki fè konprann Dwayen an sèvi ak manje ak lajan pou mete etidyan youn kont lòt.

    Depi plis pase de lane, FDSE pa gen pwòp lokal pou fè kou. Yo te prete espas nan Lekòl Nasyonal Repiblik Etazini, men kòmansman mwa oktòb la, lekòl sa ap oblije chase yo. Kesyon ap leve sou rapò ant kès fakilte a ki pa gen lajan ak restoran “La Fringale”, yon biznis Dwayen an, k ap fonksyone nan menm espas sekretarya a.

    Yon lòt sous konfli se fèt entegrasyon pou nouvo etidyan yo. Administrasyon an anile l ane sa, pretextan pa gen fon. Sepandan, chak ane anviwon 500 etidyan peye 2,500 goud kòm frè imatrikilasyon, sa ki reprezante plis pase 1,2 milyon goud. Malgre sa, Dekana a fè konnen sèlman 150,000 goud disponib nan kès la. Ane pase menm sitiyasyon sa te rive, entegrasyon pa t fèt non plis. “Kesyon n ap poze a senp: kote lajan sa yo ale?” se yon etidyan mande.

    Plizyè obsèvatè nan fakilte a kwè Dwayen an ap aji konsa paske li gen pwoteksyon nan men Rektè Inivèsite a ak kèk gwo otorite nan kabinè Premye Minis la. Sa rann li alèz pou l dirije fakilte a san kont ni rapò.

    Fas ak tout sa yo, etidyan yo mande plis transparans sou lajan imatrikilasyon yo, plis respè pou règleman akademik yo, epi fen nan desizyon abitrè ki penalize yo. “FDSE se manman Inivèsite Leta Ayisyen. Nou pap kite yon ti gwoup moun detwi avni etidyan yo,” yon manm komite etidyan an deklare.

    Kominote akademik la ap tann si Rektè Inivèsite Leta Ayisyen an ap pran pozisyon sou kriz sa ki kontinye ap brase fakilte a.



Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Search

Support Us

Support Independent Journalism

Help us continue providing quality news and information to our community.

Faire un don

Category

Gallery

Tags

Social Media